Aprann fè SÒS TOMAT (ketchup) ou san pwodui chimik, san pil sik

Sdílet
Vložit
  • čas přidán 21. 07. 2020
  • Nan videyo sa, nou montre kòman, tou senpleman, ou ka fè pwòp sòs tomat ou, byen gou e ki pap nwi sante w.
    Men engredyan w ap bezwen pou reyalize sòs tomat pa w la:
    - Yon kilo edmi tomat (byen wouj);
    - ½ tas vinèg (nenpòt kalite);
    - ½ tas lwil doliv;
    - les 4 épices (2 kiyè pwav nwa an poud; 1 ti kiyè moutad an poud; 1 ti kiyè kanèl an poud; 1 ti kiyè jiwòf an poud; 1 ti kiyè jenjanm an poud) (epis sa yo opsyonèl, si w vle ou ka fè la ak sel epi pwav osnon jiwòf sèlman);
    - yon ti kiyè sèl;
    - 2 gwo kiyè sik wouj;
    - yon ti pakè pèsi;
    - 2 ou 3 fèy baliziik frè (li opsyonèl);
    - 3 zonyon mwayen.
    Si w anvi konn kòman ou ka fè pwòp pat tomat pa w, men lyen an:
    • Kòman w ka fè pwòp PAT...
    Pou w ka abone a chèn Carla Léonard la, men lyen an:
    / @fitlife5092
  • Jak na to + styl

Komentáře • 185