Zafèm - Lalin ak Solèy (Official Video)
Vložit
- čas přidán 20. 06. 2024
- ► Follow Zafem:
Instagram: / zafemmusic
Twitter: / zafemmusic
Facebook: / zafemmusic
CZcams: / @zafem
► Writer & Composition Credits:
Writer: Dener Ceide
Composer: Dener Ceide
► Vocal Credits
Lead Vocals: Reginald Cange, Dener Ceide
Background Vocals: Reginald Cange, Dener Ceide, Melly Sings
► Musician Credits
1st Guitar (Elec): Dener Ceide
2nd Guitar (Elec): Alex Cabit
Bass: Sexy Beef
Drums: Shedly Abraham
Congas: Camille Armand
Piano: Mozart Louis
Keyboard: Mozart Louis
Synthesizer: Mozart Louis
Trumpet : Igor Rivas
Saxophone : Ismael Vergara
Trombone: Jorge Dobal
► Mix & Master Credits
Mix Engineer: Cédric Louis
Mastering Engineer: Alan Lewis
► Copyright:
© 2023 Zafem Inc. All Rights Reserved.
© 2023 Dener Ceide Productions. All Rights Reserved. - Zábava
0 nudité
0 vulgarité
0 fashion gwo mak gwo foli
0 gwo mak machin
100% créativité a l’haïtienne
🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥
W'ap swiv wi Fanmiy... ZAFEM chanje HMI la nan men nèg yo kon kout eklè. Yo pa wè sa 😂😂😂😂😂
Klè
Meyè video pou tout rès jenerasyon an pa gen foli gwo mak rad,ni gwo machine building super video mes comptriotes
Frenchman mwen renmen jazz sa tout music li gen lesson kinbe la mes amours❤❤🎉🎉🎉🎉
Simply beautiful 😍
Siw kwè manman w ap toujou ret vivan jouskaske ou reyisi tape Amen. tout glwa pou Bondye❤
Amèn
Amen
Mesi mesye bel bagey
Mèsi Zafèm❤
Amen!
Dener ak Cangé se 2 revolisyonè HMI la.
Bravo mesye nou kòrèk.
Kote bel machin yo, bel boutèy chanpay yo bel fanm Toutouni kap vann kò yo pou fè moun wè yap bien mennen poutan yo gen ti fanmi yo gang fè yo kouri nan maron. Kote pawol vulgaire moun Toutouni kap influencé jeune yo. Enfin on vidéo timoun ka gade san yo pa bezwen gen move lide. Merci zafem pou edikation wap bay jenes haïtien an ki perdu rout yo.
Tout Moun kap li kòmantè sa ke Bondye toujou kontinye beni nou ❤
ou se yon frè ki fe bon travay tou nan sosyete an wii ou pajanm pale pou ayisyen❤❤
Si yon moun kwè nan kilti peyiw kite yon like pou zafèm sa se pa fek kilti se bon kilti a, zafèm devan devan nèt sak pa kontan........ ... fèl an zafèm
Nn
Yes
Bel mizik, bel koulè lokal et bòn inspiration. Mesi Zafem,. fiète Haiti 🇭🇹 cherie ❤
Nèg yo met kilti Peyi a anlé siw kwè sa liké kormantè m nan 💯💯💯💯💯
Efori pi rèd pandan yap vann etazini Zafem ap vann ayiti ak kilti lokal pa gen bèl machin fanm gwo bouda bèl pisin' gwo building jazz sa ap fè tt moun kase tèt tounen 💯👏👏👏👏👏
Kòmantè paw la mérité plus que like oui antouka mbay grenn pam nan
Wap pale bèl
Tt c ipokrizi paske tt ak paspò ameriken yo nan bouda pòch yo bro
Wi frem , al yon bel kilti ak peyi sa nou genyen
Loll
Kilti nou parèt pi pwòp ak zafem❤🎉, mèsi ui c yn benediksyon🎉🎉🎉🎉
Ou we lwen ou menm!
Kenbe pa!
Siw anvi resousew kom ayisyen otantik jis gade videyo sa, anpil nostaji pou sila yo kap viv deyo peyi a, konpliman pou fason ou vann mond lan kilti nou, bon travay zafèm, ayisyen nan tout mond lan rejwenn ou nan travay wap fè a, kontinye pwone ekselans, swete anpil lot group enfliyan rejwenn ou nan liy sa.👏🏿👏🏿👏🏿👏🏿🙌🏿
Félicitation zafèm le numéro un de la musique haïtienne ❤
Pa gen mannken peyi etranje ni fanm blanch, gwo mak machinn ni okenn senbòl inegalite. Men sa k’rele selebre lakilti!!! Men bon vizyon atistik mele ak fyète nasyonal… 🚀🚀🚀🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Yesss
E ou wol yo bay Yole de Rose tou😊
M pa wè moun Gucci yo😂😂😂
Medam yo entéresan yo natirél yo djanm.
@@nervaljessdeizie8761😂
Lè afriken fe yon videyo ou we c afriken yo vann sa yo gen lakay yo
C nòmal lè ayisyen fe yon videyo c pou nou vann sa nou gen kom valè lakay nou tou...sak fe pati kilti nou ...bravo ak timesye yo bon travay..❤❤👋🏼👋🏼❤❤🇭🇹🇭🇹🌹🌹💐💐🌺🌺💋💋💕💕💗💗😘😘❤❤
Waww Haïti gen pitit toujours bravo mesye
Dener, Régi , deux légendes vivantes❤❤❤❤
Nou tap tann li lontan. Pwezi a pran fòm imaj kounya. LAS pi bèl albòm nan istwa konpa dirèk🙌🏽 Siw kwè sa banm yon like
Repetel ankò frèm
Bel bagay
Nou ranse anpil
We monche, san gro mak machine, san grimelle toutouni, san extravagans ... Zafe'm fe zafe l anko.
Bravo Messieurs et dames 🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Oufin pale Wii
Kilti lakay
pa kouri kriye viktwa non ou pral jwenn tout nan dlo dous
Bel groove,Belle parole, Bel texte, kenbe la messieurs et Dames ❤❤
Nou poko ka rive sou million views toujou antouka ayisyen nou pa renmen sa ki bon vre
Yo we nou
Se nou ki pou fel e nap fel 👍👍👍
Let’s go guys
100 Moun ki gentan gadel plizyè fwa menm Ak Mwen avanse ❤❤ nap bwè nap reviv kilti lakay sa se zafem
❤❤❤❤❤
Original
Mwen gentan gadel 5 fwa paske jazz sa vibre keurm
en verite sa se zafe m
🔥🔥
Se domaj ke anpil atis ayisyen t kwè ke, fè Yon bèl vidéo rezime ak gwo mak machin, Yon seri bèl vil ak gwo building nan peyi etranje ak fanm toutouni gap gouye! Mèsi Dener ak Reginald dèske nou pwouve ke nou k fè bèl bagay ak kilti nou ak reyalite Lakay, bravo !
Ou pale pou 100 tan!
Zafèm ❤❤❤❤❤❤❤❤
Jazz la rezime tout Ayiti nan yon sèl video ❤
Se se yon travay ki san parèy 🎉
Yon lot fwa ankò 100 pwen pou Zafèm (makè 100 pwen nan domino a😅)
Zafèm tout tan, Zafèm ankò, Zafèm pou tout yoin nasyon ❤
OOo waw yon videyo istorikman kiltirèlman byen estriktire, yon zèv pafètman ki merite yon gro bravo, konpliman an ekip zafem
Si se jan de music sa yo nou t konsome jenerasyon nou an patap déraye knsa , map kntinye rnmen sak bon, patag sak bon, bon bagy zafem
Epa manti non frèm
hummmmmmmmm mwen te panse se mwen selman ki te wè sa koman pou jen yo ta fe pa volè lew di yo benyen larivye pa luxe lew di yo lanme gratis yo pa pa anyen lew vle montre yo bel fanm.kreyol yo posede a pa lò ak dyaman leve lè maten pranw ti cafe pa la bèl vi .wap montre yo pil lajan gro machin pil bagay fe tet yo anfle yo vin frustre tounen kriminel gang paske yo pa wè valè sa yo posede . mwen FANATIK FOU ZAFÈM.POU SA FREM. PASKE M.PAKA KITE PITIT DEVAN YON TELE KAP PASE VIDEO MIZIK HAITIENNE KAP FÈ YO VINN PROSTITUE. LÈM TAL ETUDYE SANTIAGO REP DOMINICAINE GON PANYOL KI TE DIM FANM.AYISYÈN GEN PUDEUR YO BON MOUN .EBYEN MIZIK NOU VANN GENERESYON SAA FÈ JODIA YO DETRONE FANM PANYOL NAN FE PA BON .NOU TE TOUJOU PÒV OUII MEN NOU TE GEN FYETE JODIA NOU PEDI NI SAK NI KRAB.ANTOUKA SI LOT YO SWIV EKZANP SAAA SE AP BEL BAGAY
0% bêtise
100% voices
100% images
101% talents
Great video 🔥
Kitem fè zafèm nan zafèm🔥♥️🐐🇭🇹
100% Ayisyen yon travay ekstraòdinè menm la nati kontan bon bagay ti mesye
Sans une once de vulgarité , Zafèm leve nivo a nan HMI la. Felicitations🥰🥰🥰🥰🥰🥰
Yes
Men Bon bagay la..🎉🎉🎉zafém...konbyen nan nou ki kontan menm jan avém ti dwét anlé👍🏾✌🏾✌🏾✌🏾✌🏾🤟🏾🤟🏾
Bèl imaj lakay❤❤❤❤
Bèl mizik❤❤❤❤
Bèl Moun ❤❤❤❤
Bèl kreyasyon❤❤❤❤
Bèl reprezantasyon kilti lakay❤❤❤❤
Ke mizèrikòd laaa ki pa gen rapò ak tout zimaj yo
Yo respekte mesye nou fò🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🙏🙏🙏🙏
Map mande Koman pou yon Ayisyen ta fe pa Renmen ZAFEM Mezanmi .. Sa plis ke wawwwww # 1 Jazz Ayisyen an siw kwe sa mete like 🔥🔥🔥🔥
Sel tèt pete ki pou pa renmen zafem man
Rezon an senp, fòk nou rnmn zafè pa lot tou. Depi n rayi pa lot, y ap rayi pa w nenpòt fason. Se pa ekip zafem nan non, neg sa yo ou santi yo gen lanmou pou tout moun, men vye fans tèt kk ap krache sou pa lot. Sèl zafem egziste nan biznis lan pa tap f sans. Bon mw pa gen jazz m rnmn konsa, mw vin abone ak yo, alò ke m se fan lot jazz
@@jacquesedouardazor858 yes ou Byen pale zanmi.. Ayisyen pa konn apresye vre pafwa se emosyon AK ogey kap pale ipokrizi se sa nou plis vann .. Nou plis pou denigre divize olye yo apresye e ankourajew .. ou gendwa pa Renmen Yon Moun oubyen yon bagay dépi sal Fe an bon li bel ou ta sipoze gen kouraj pou bat bravo e felisitel malgré w nn klanl ou Byen siw paka Di byen pa di mal pa esye krazel e sesi pou tout bagay mpansel tap pi saj s'il ta konsa ..souvan fwa Moun nn konn WE bagay lan bon e bel wi men pwiske se pa Moun pal se pa fanatik li l ye li chèche tout lot bagay ki San sans poul Desann travay lot la . aloske li konnen se pa vre sa lap Di yo .. kilti Ayisyen nn t ka telman Mwen si Ayisyen t gen bon sans AK espri pozitif nou tap Fe koze nan mond sa tout kote nou pase ..men domaj lesprim Anpil nan nou kwense mank edikasyon AK moral fe nou toujou nn goumen AK pwop Tet nou anko .. Antouka sitou nan Mizik Kounya Zafe solda sa fe nou tout mal e si se konsa nou poko Ap jwenn rezilta mondial nou rêve an .. epi ki solda Anpil ladan yo pa konn anyen vre non yo jus ap ranse 😂😂😂 Atis ak dyaz yo pa menm konn egzistans solda sa yo
@@jacquesharrydorante-qq8cp Ou we sa tou zanmim .. pou Mwen menm tout Jazz ki nan HMI lan gen plas yo sof mka toujou dako nou pap pran nenpot bagay nan men yo medyokrite Bouyon rechofe pa ladanl fok gen yon nivo . Depil bon nou dwe d'il bon e sipotel menm siw pa fanatik li fel pou Mizik Ayisyen nan se konsa nap plis fyer ✌️
Zafè m montrem Ayiti ki gen pou vini an nan yon video ❤❤❤❤❤🎉🎉🎉🎉
Se sam we la ayiti pwale vini
Félicitation zafem numéro de la musique haïtienne ❤
El Maestro Dener Ceide neg sa gen dwet yon homme cerveau 🧠 Respect ak tout Groupe la ✅️
Image Lakay ❤
Lezom pat we kou sa non.neg yo mete Yole derose nan Video a meznmi gadon kout kreyon❤❤❤❤❤❤❤❤
😂😂😂😂😂😂
Am Gran grann Yole poste ,mw renmen sa yon ikonn rete yon ikonn
Mezanmi jazz sa se pa ti bagay non
Ou wè lwen ou mnm
Mwèsa wi mta pral mande sa yole ye pou yo wi😊
Mwen salye memwa tout moun ki pa ka viv bagay Zafèm ap fèm viv kounya. Mèsi Zafèm nou chaje anpil richès toujou.
Kijan pou gwoup sa t mete kilti nou an valè ankò. Gen plis pase 10 zan depi yn gwoup pa pwodwi yn videyo 100% ayisyen konsa. Anpil chapo avèk poto mitan HMI yo. ( Zafèm )
Premye video nan 21e syèk ki pa machin ak flashy stuff. Very authentic and organic
Nòmalman ou ta dwe like avanw gade.
Si'w konn kotew vini an.❤
C sam fe oui🎉🎉🎉
Aléz
Se sam fè wi patje plizyè fwa
😂😂
Alèz
Pagen pibèl bagay ke lèw bay valè ak Saw genyen. Zafèm fyète ayisyen. Si'w pa vle di zafèm di fyète ayisyen
Zafem ❤❤ cheri doudodu🥰🥰🥰🥰🥰
Deux icônes, yon music légendaire @zafèm, mw pajan'm suspan'n fi'n gade'l❤🙌🏻!
Nou pa gen anyen ankò kòm kilti, sèl zafem nou rete. Ann sipòtel. ❤
Mèsi anpil zafèm❤ nan tout mizik yo e nan videyo a nou mete kilti nou an valè 😊 bagay propre bagay santi bon
SHELLA bèl atis
DAT MW PA RONFLE YON BOUT KANN
MEZANMI TI KAFE O GRÈP.
🔥💯
Korek shella
Notre SHELLA❤
Mesye bagay serye ui one love
Bravo 👏 👏 👏 tout staff la ki fè bèl video sa❤❤
Moun ki konnen ZAFEM se zafè yo vre an nou fèl rive 1M🙂avan 24h(Viv Kilti lakay nou.)🔥🇭🇹🥰👍🏽
Soy Colombiana pero mi marido es Haitiano me gusta la cultura haitiana. Y soy fan de este grupo ZAFEM
Hermosa 😍
❤ nosotros también te queremos
Depiw se ayisyen ou supoze ekri kreyol men depiw pa ayisyen Map bat bravo e si tout fwa ou pat leve ayiti Map kontinye bat bravo pou ou
Estamos orgullosos de ti y gracias !
Estamos con tigo, Muchas gracias por tu apoyo😍🕴️
Bèl video 📸👏🏾👏🏾👏🏾👏🏾
Keum kontan leum wè pays ap valorisé konsa 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Anmweyyyyyy m’pa knn sam genyen menm santi dlo paka rete nan zyem😭…mwen fyè paskem se Ayisyen malgre jan sa ye…mèsi ZAFEM…😭😭
Vibrasyon yo fò anpil nan video saaaa
Ni mwen tou frem. M poko janm pase yon kote pou yo mandem kotem soti pou m ta wont di m soti Ayiti.
Hummm, m konprann ou....mwen c emotyon😢 kap anvahim la, m nan travay la...😅
Se emosyon wi zanmim😢😢😢
Atis ayisyen-yo fò wi mesye,waw.
Kenbe la ti mesye,on jou Bondye à sove ayiti.
Zafèm sa son bgy fenomenal🔥🔥🔥🔥🔥
Nouwè se yon lot bagay wi
African yo toujou moutre peyi a yo nan video yo nenpòt Jan peyi a yo 😊ye se konsa zafèm moutre nou se vann peyi nou an nenpòt Jan sa ye❤❤❤
Wi nan ampil fin yo fè sa
pi bèl videyo pou tout âne kompa genyen depi li kreye chapo ba zafem
Konpliman Zafèm! Sèl gwoup konpa ki gen yon demach estetik otantik.
❤❤❤❤❤🎉🎉🎉🎉🎉istwa peyia zafèm retrouvem😂😂😂😂😂❤❤❤😢🎉🎉🎉 tout fouk syèl la Alon gro Mo saaaaaa !!!!!😂😂❤❤❤❤❤🎉🎉🎉🎉 Bèl video
Zafèm fèmen tout pòt pou lòt jazz yo. Pa gen wout pa bwa. Bagay yo vrèman kwense pou yon pakèt neg nan HMI. SE ZAFÈM KAP FÈ KOZE. Kilti lakay a lonè. Bravo Zafèm!!! Bel video!
Wawwww m santim kontan e fyèr de zafèm. Siw santiw kontan e fyèr de safèm tou bank yon like!!!!!
Merci zafèm Dener REGINAL
C'est du grand art !
Respect pou nou ti mesye.
Map chache yon fan toutouni kap gouye nan video a mwen pa wè. Mwen pitit fim kigen 3 zan vin gade. Chapo ba zafèm 🙏🙏🙏🙏
Chak group mizik gen style pa yo! Pa blame sak gnynl yo!
Pa gen sa nan zafèm fanmi
Imaj yo natirèl 👏🏻👏🏻👏🏻
Pa gen bagay nèg ap vin montre yo gen bèl machin,bèl bijou,fanm ap vin gouye etc…….
Zafèm met kilti lakay an valè!
👏🏻👏🏻👏🏻👏🏻👏🏻👏🏻
🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥
An verite,an verite men Zafèm 🔥🔥🔥!!
De jou an jou map tonbe damou jazz la pi plis❤❤❤
Mezanmi 😮 chapo ba zafem 🗣️🗣️🗣️🗣️🗣️🤦🏽♂️🌞🌝🔥🔥🔥🔥🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🫶🏾🫶🏾🫶🏾🙌🏾🙌🏾🙌🏾🙌🏾
Eske se sèl mw depi map tande on nouvo pwodwi zafèm li touche emosyon'm dlo koule nan zyeum?
Mèsi anpil ekip Zafèm lan ❤❤❤
mjis paka kwe sa mkriye le map tande mizik sa me video fe mwwnm efe a sou mwen😢😢😢
Frèm mw dòmi Mw leve Mw reve zafem jazz la pran kèm
Se pa ou sèl!
@@valeriemitchelson1970 Se Richard nou se notab
Bon ou wè la mbay nég sayo vag
😭😭😭😭😭 video sa ap bay tout bon haitien konsekan tankou m menm yon chagren de Haiti paske nou sèlman rete 10% de kilti nou se Zafem avek group latibonit yo ki kenbel toujou 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹 Devan kilti haitienn nan devan viv 🇭🇹🇭🇹 viv Cap-haitien chérie.
Viv aux cayes hiv Cap haïtien ❤❤❤❤
C pah chans c pasyans🔥
Yow vidéo a ale AK tout Mwen ,Mwen gentan gadel plis ke 10 fwa déjà ,menm toujou Ap chèchel. Yonn nan pibèl video Mwen gade pou ane a,Map viv la renesans nan vidéo a,waw.
Zafem se ti sa ki rete kòm valè ki nan kilti nou,nou te preske pèdi esans nou kòm pèp ,nou akiltire nan yon pakèt videyo fanm toutouni, pisinn, bèl lotel nan peyi lòtbòdlo,gwo mak machinn.
Mèsi anpil Zafem defi lèzòm
🎉🎉🎉
Yes
Bèl Bagay zafèm
Tout moun ki twouve vidéo a trè lokal menm Jan avèm banm on like 👍🏿🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Mèsi pou bèl vidéo sa, bagay pròp. Anpil l'amour ❤❤❤
Bagay moun santi bon
San bgy lux epi boom succès
Map gade video a kotem kouche a kòm fè chè depoul,oh lord❤❤mw renmen Sam wè.oh yes
Mpanse se te mw sel sa te rive wi!!! Nou se zafèm.
Sèl yon fo Ayisyen ki pou pa wè bote ak enpòtans video sa
Bagay serye nèt, avèk zafem figi lakay ap retounen kanpe
Muzik la mystic anpil 😍bon bagay
Tout sa Ayisyen te konn viv nan yon grenn videyo. Mèsi Zafem ou mete valè sou kilti nou❤
Videyo a jis waw, nou nan yon moman difisil kote se plis vye imaj Ayiti nap van sou rezo yo chak jou, y zafem jis leve bel imaj Ayiti yo li mete nan video a. Li fe nou sonje dantann, li fen sonje Ayiti pa selman sa nap tande chak jou yo, Ayiti pa selman potoprens. Mw damou nou mesye menm janm damou peyim❤
👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽 mwn renmen nou anpil kenbela 😘😘😘😘
SE pa ti revolution zafem de la non mezanmi ❤❤❤
Let’s make this 1M before 12am
Let’s go my people let’s do it. They deserve it.
I second that
Mwswete kechak moun kap gad video sa gracias bondye anvayil
Se pa di sa nan comment , se patajel siw vle sa vre
😊😊😊q1😊@@Pinkstone007
Zafèm fin clean zòrèy nou, kounya lap clean yeux nou😍
Felisitasyon Zafèm videyo a chaje koulè ak gete epi li fèw respire lavi ak lespwa an menm tan👏👏👏👏👍
Mwen met respè devan Reginald kanje ak dener seyid🔥🔥🔥🔥🔥👍
Nèg yo ret egal ak yo menm wi. Konsèp videyo a di anpil kichòy. 😊😊
Fow gin bon granmoun sou ou pou komprann concept vidéo sa bon bagay
Se gras Bondye ki fè nou ka ap gade video sa Ann dil mèsi pou gras li fè nou
Merci Seigneur
Mesi senye
Ayibobo pou lwa bitasyon yo
Mèsi senyè
waaaawwww group la move anpil wi vayb la sonnn byn gn pou zòrèy wi
ayibobo💥💥💥💥
Magnifique ! Superbe vidéo ! Choix des lieux de tournage, impeccable ! Des choix d’artistes ❤. Choix des tenues, avec précisions et passion! Cadrage d’images, exemplaire 🙌🏽👏🏾👏🏾👏🏾 très très bon travail ! Superbe réalisation ! Bravo à toute l’équipe…
Zafèm offre une autre vision d'Haïti, celle du vrai Haïti Thomas. Longue vie à ce mouvement !!
bote fanm kreyól yo ,bravo zafèm,ou pa bezwen douko pou bèl
youn nan pi bel Ayisyen pou 2024 la, mwen pa pral repwoche lot Atis ki pa fe menm jan ak Zafem paske bagay yo dinamize men video sa di nou ke nou kapab fe belle video a l'haitienne. Zafem pa pwemye gwoup mizikal ki fe style video sa, men Zafem bay nou we plis anvi video style sa yo, Nou dwe koumanse mete sa nou ye plis devan.
Mwen pran sant sitiyasyon D'HAITI sou wout chanje. Tout doulè sa lap pase a se paske li gen tranche. Lap akouche kanmèm. Sosyalman e mizikalman Zafem ap vann espwa. Mèsi pou patisipasyonw Zafem 💌
Mesye enspirasyon sa yo pa piti non mmmmm. Podiab haiti nou tafè wi
Gadon Benediction 🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥
Anpil kompliman 👏🏿
Ann kontinye mete kilti lakay anvalè
🌞🌝💎👑🦁🌝🌞
Bon courage pou travay la atis mw yo one love reji❤❤