𝐄𝐧 𝐃𝐢𝐫𝐞𝐜𝐭 || 𝐏𝐫𝐞𝐦𝐲𝐞 𝐎𝐤𝐚𝐳𝐲𝐨𝐧 || 𝟐𝟎 𝐌𝐚𝐢 𝟐𝟎𝟐𝟒

Sdílet
Vložit
  • čas přidán 19. 05. 2024
  • 1.-Operasyon fos lod yo nan komin gresye - 2 fizi daso ak plizye bandi mouri nan echanj kout zam ak lapolis aye dimanch la .
    Lapolis ki pa bay detay sou kantite prezime bandi ki mouri ak arete pandan operasyon sa yo kontinye reklame kolaborasyon popilasyon an ,yon fason yo kapab akonpli misyon yo kom sadwa .
    2.-Bandi ak zam yo atake pou yon lot fwa anko nouvo lokal ki loje lakou dekont la , nan sant vil potoprens , pa two lwen ak pale nasyonal .
    Sa fe pou yon dezyem fwa bandi atake lokal lakou dekont aye dimanch la kote fos lod yo te rive kwape yo epi reprann kontwol espas la .
    3.- Bandi ak zam kraze yon pati nan prizon sivil kwadebouke a ak komisarya wikenn sa ,dapre majistra .
    Se peyi kanada kite bay 5.5 milyon dola pou Konstriksyon prizon sivil kwadebouke a
    4.- PNH la resevwa aye dimanch la,nan ayopo entenasyonal Tousen Louvetu,yon kantite 10 machin blende .
    Se direkte jeneral lapolis la,Frantz Elbe ki resevwa blende sa yo nan men anbasade ameriken an ,nan potoprens. Ekipman sa yo pral ede nan ranfose kapasite operasyonel lapolis la pou kontrekare zak bandi yo kek jou anvan debakman fos miltinasyonal la nan peyi a .
    5.- jounen senbòl drapo ble ak wouj la, 18 me chak ane, presizeman jodi a , ta dwe fè nou sonje nesesite yon tèt ansanm pou trase chimen demen miyò nan peyi d Ayiti,deklarasyon prezidan konsey prezidansyel tranzisyon an .
    Edgard Leblanc Fils, kite pran lapawol nan seremoni ofisyèl ki dewoule nan Vila akèy, nan okazyon 221 lane kreyasyon drapo ble ak wouj la.
    Se okazyon pou montre gang ak zam, k ap simen laterè yo, sitiyasyon brigandáy sa yo pral fini, pou pa gen okenn teritwa pèdi ankò nan peyi a.
    6.-Premye minis ai , Michel Patrick Boisvert, kite pran lapawòl tou plede anfavè inyon ak fratènite nan mitan chak pitit nasyon an poun remanbre peyi a.
    Michel Patrick Boisvert fe konnen gouvenans tranzisyon ki anplas depi anviwon yon mwa vize pote anpil chanjman ,yon fason pou bay lespwa ak popilasyon an.
    Majistra taba ,Nice Simon kite pran lapawol nan non majistra zon metwopoliten potoprens la fe konnen Meri yo gen yon wol enpotan pou jwe nan jou kap vini yo, yon fason pou retabli sekirite nan zon yo, espesyalman kote ki afekte nan depatman lwes la .
    7.-Anplis seremoni Vila dakèy la, 3 konseye prezidansyèl, Fritz Jean ,Regine Abraham ak Emmanuel Vertilaire, te rann yo nan vil kap ayisyen akonpaye minis edikasyon an ,Nesmy Manigat pou komemore fèt drapo a.
    Konseye prezidansyèl Leslie Voltaire te prezan li menm , nan For Jacques, zon kenskof akonpaye majistra petyonvil la, Kesner Normil ak majistra kenskfo la Jean Masillon selebre fet drapo a .
    8.-Dunord Lalanne, ki se ansyen majistra komin Lazil soti 1988 rive 1991 mouri vandredi 17 me 2024 la lakay li nan Potoprens.
    Dunord Lalanne ki te gen laj 76 lane, te pwofese plizye jenerasyon nan Lazil pandan Plis pase 20 lane.
    Fineray ansyen majistra ki sete manm pati Politik OPL ap chante samdi 25 me nan pawas senjoseph, komin lazil .
    9.- Tout desizyon konsey minis yo te adopte 8 me pase a poko janm pibliye akoz li manke siyati 3 minis ak yon konseye prezidansyel .Desizyon sa yo kapab pibliye madi nan jounal ofisyel peyi a le Moniteur ,dapre sa nou aprann . Kanta rezolisyon konsey prezidansyel ,dokiman sa poko janm transfere bay pres nasyonal pou piblikasyon akoz konsey Frinel Joseph ta deside pa siyen rezolisyon sa ki depaman ak ako 3 avril 2024 la.
    10.- Eleksyon an repibik dominiken -Luis Abinadersou wout pou ranpote eleksyon yo depi nan [premye tou eleksyon prezidansyel yo .
    Chef leta dominiken an kite fe kanpay sou bilan ekonomik li ak jan li te aplike polik imigrasyon peyi li fas ak ayiti resevwa plis pase 59% vot yo kont 26 anfave ansyen prezidan Leonel Fernandez,dapre rezilta oasyel konsey nasyonal electoral yo.
    Présentation : Dieuseul GUERRIER Johnny FERDINAND & Hadiany Oximable St_Fleur Météo : Chrisnette SAINT-GEORGES
    Tansyon Lari : Mackenson RÉMY 4x4
    Productions : Jean-Claude DOLCÉ
    Coordination : Peterson LUXAMA Rédaction : Dieuseul GUERRIER
    Réalisation & mise en ligne : Ange Junior & Elyse Hansley

Komentáře • 3

  • @martinjeanbaptiste8758
    @martinjeanbaptiste8758 Před 13 dny +3

    Sa sonw dezod seminm non ancien moune yo kitoujou ka savle di moune sa pap bay jenes la rege peyi yo tou ukwem kon tande non sa deja Patrick boivert saa deja mezanmi pep la agenou podib

  • @charleslafontan8484
    @charleslafontan8484 Před 12 dny

    Ala moucheka radote

  • @sylvainedwidge2756
    @sylvainedwidge2756 Před 13 dny

    Janm konprann nan se 4 konseye sou teren an, yo nan menm ekip men chak gen balon pa yo. Chak ap chèche fègòl pa yo?