Jounal Kreyòl Premye Okazyon || Mèkredi 10 Jiyè 𝟐𝟎𝟐𝟒

Sdílet
Vložit
  • čas přidán 9. 07. 2024
  • 1.-Ansanm ak konseye prezidansyel Louis Gerald Gilles ak DG PNH la Rameau Normil ,premye minis Garry Conille vizite lopital jeneral la,aye madi a ,yon jou apre lapolis nasyonal dayiti te anonse yo reprann kontwol espas la bandi te okipe depi anviwon 4 mwa.
    Dr Louis Gerald Gilles ak Dr Garry Conille ki mande popilasyon an pasyans,anonse nan tet kole ak konsey prezidansyel la yap bay lapolis la tout sa li bezwen kom mwayen ,yon fason pou rive reprann kontwol tout zon bandi ak zam yo te okipe.
    Se pa posib pou lopital jeneral pase 4 mwa femen aloske se pi pwo loiptal leta peyi a ki la pou bay sevis ak popilasyon an sitou sila yo ki pa gen mwayen lajan ,dapre Dr Louis Gerald Gilles ak premye minis Garry Conille .
    2.- Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an vizite jounen madi 9 jiyè a santral E-power ak sou stasyon EDH la ki nan Dèlma 33 a.
    Konseye Prezidansyèl Leslie Voltaire ki te reprezante KPT a nan kad vizit sa fe konnen demach sa ap pèmèt Konsèy la gen plis enfòmasyon sou 30 megawat kouran E-power ap founi pou EDH mete sou 33 megawat ki soti Pelig ak tèminal "Vareux " ki bay yon total 63 megawat EDH genyen ki disponib.
    Selon enfòmasyon yo, EDH ap bezwen 300 megawat pou l’ distribye kouran sou tout zòn metwopolitè Pòtoprens lan.
    3.-Lajistis repiblik dominiken arete aye madi a,sitwayen dominiken Hungria Diaz ,pou enplikasyon prezime li nan asasina ak bal 2 sitwayen ayisyen .
    Ensidan sa te rive 2 jiye pase a , sou yon plantasyon prezime kriminel la genyen nan zon Pedernales,dapre lapres dominiken.
    Viktim yo se Jean Duversaint,65 lane ak Maurice Delia ,49 lane ,yo mouri anba bal , nan moman yo tap ranmase branch bwa sech pou al limen pou fe manje ,dapre temwayaj yo .
    4.- Reyaksyon ministe afe etranje ayisyen sou dosye lanmo 3 resotisan ayisyen pami yo Saint Mira Milien , Jean Duverssaint ak Maurice Delia.
    Ministe a ki kondane move tretman sitwayen ayisyen yo kontinye ap viktim nan zon fwontye yo ak sou teritwa dominiken an mande otorite dominiken yo pou degaje yo fe limye sou sikonstans asasina sitwayen ayisyen sa yo epi idantifye responsab yo .
    Anbasad ayiti santo domengo ki deja okouran dosye say o ap gen pou fe swivi nesese yo, dapre ministe afe etranje ayisyen yo.
    5.-Sekretarya jeneral inyon paran elev pwogresis ayisyen (UPEPH) eksprime ekyetid paran yo nan zon metwopoliten potoprens la genyen pou pitit yo ki ta dwe patisipe nan egzamen ofisyel yo ane sa akoz vyolans fe plizye milye elev sa yo ak paran yo al refifye nan vil pwovens yo.
    Nan yon let tou louvri oganizasyon an voye bay minis edikasyon an ,li mande minis Antoine Augustin ki desizyon ministe a pran deja anfave plizye milye elev sa yo ki oblije kite dives komin nan depatman lwes la akoz vyolans gang ak zam yo .
    UPEPH pwopoze pou tout direkte depatmantal edikasyon yo kreye yon sant espeyal pou resevwa tout elev 9em ane fondamantal yo ak Ns4 ki refifye nan res peyi a .
    Prezantasyon : Dieuseul GUERRIER & Johnny FERDINAND
    Meteyo : Chrisnette SAINT-GEORGES
    Tansyon Lari : Mackenson RÉMY 4x4
    Spo : Jacques Hans Vilfort (jako)
    Pwodiksyon : Jean-Claude DOLCÉ
    kowòdinasyon : Peterson LUXAMA
    Redaksyon : Dieuseul GUERRIER
    Reyalizasyon ak Sou Entènèt : Jack thedd Jr Dieudonne & Jimmy Cly Théagène

Komentáře • 11

  • @margarettebrice1962
    @margarettebrice1962 Před 17 dny +2

    JE PENSE QUE L'ÉTRANGER COMME L' HAIÏTIEN VOUS FÉLICITE CE MATIN, BRAVO 👍👍👍👍

  • @JEANMARCDUVERSAINT
    @JEANMARCDUVERSAINT Před 17 dny +3

    Ayiti gen 2 moun depi yonmoun pale yomal mw tou rayi w, KOMISÉ MUSCADIN, ak FR LUCKSON, paske poujan bagay yo vinn yela Ayiti bezwen 9 lót MUSCADIN, VIV MUSCADIN 👏👏👏👏👏

  • @jesusgodjr9873
    @jesusgodjr9873 Před 17 dny +2

    Good job Jhonny even gang members in haiti is not secure

  • @porscherolex6777
    @porscherolex6777 Před 17 dny +2

    Mw koubem byen ba pou nivo refleksyon nou pou sajès nou. Pa pran nan enfliyans poun pa febli.

  • @user-or6te5jz2q
    @user-or6te5jz2q Před 18 dny +1

    Tout moun ki fache pou sa muskadin ap fé se bandi yo ye se pou pep la mache pran yo

  • @user-or6te5jz2q
    @user-or6te5jz2q Před 18 dny

    Se yon sel la wi ki gin nan moman, fok ta gin yon muskadin nan chak kote bandi ap terorize pep la

  • @JEANMARCDUVERSAINT
    @JEANMARCDUVERSAINT Před 17 dny

    Pierre esperance se papa gang, gang yo ap travay pou bay Pierre esperance kób

  • @wuislerstfort9191
    @wuislerstfort9191 Před 17 dny +1

    CG Muscadin applike on lwa yo te blie vote nan konstitisyon Haiti a.

  • @POZE_PM
    @POZE_PM Před 18 dny +1

    Men kesyon pou jounalis mande ti pyè ki sanble plis yon chèf gang ke tout lòt bagay:
    1. Eske malandren vyole madanm, pitit ti pyè ak tout li menm deja? Repons la se non.
    2. Mande li si o mwen youn nan sa yo ki nan 1. te rive li epi li kwaze a 2 ak malandren ki fè sa ki t'ap reyaksyon li?
    3. Ann imajine tipyè jwenn sa li ap chèche a kan malandren anvayi Mirgoane ki sa li pral di lè sa ? Eske ganstè e malandren tipyè janm fè refleksyon sa.

  • @margarettebrice1962
    @margarettebrice1962 Před 17 dny

    VOS RÉFLEXIONS DE CE MATIN ME TOUCHENT TRÈS SINCÈREMENT, JUSQU'À ME DONNER LA CHAIR DE POULS. PARCE QUE MUSCADIN EST UNE DES SOLUTIONS POUR HAÏTI. JE VOUS REMERCIE BCP JOHNNY FERDINAND ET GUERRIER DIEU SEUL.♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️♥️