O! gran lanmou ki te rachte m

Sdílet
Vložit
  • čas přidán 11. 09. 2024
  • 52 Chant d'Espérance | CEC, Page 135
    1
    O ! gran lanmou ki te rachte m
    Nan peche a,
    Koupab e sal jan mwen te ye
    M pa t gen espwa.
    Lè sa m te nan yon gran fènwa
    A la yon jou!
    Li leve nanm mwen nan lanmò,
    A l’on lanmou!

    A l’on lanmou ki rachte nanm mwen,
    A l’on lanmou ki geri kè mwen.
    Lanmou sa voye Senyè m mouri.
    A l’on lanmou! Ann Adore non li.
    2
    Lanmou sa a fè sovè m mouri
    Sou bwa Kalvè ;
    Pou yon pechè rebèl kon kon mwen
    Sa k ta di sa?
    Lanmou fè pon ant mwen ak syèl,
    Fèm priye tou,
    Mwen padone, mwen pa tousèl,
    A l’on lanmou!
    3
    Lanmou te louvri pòt limyè
    Wayòm Syèl la.
    Jezikri va parèt anlè,
    Pou l resevwa m.
    Lanmou te leve m nan malè.
    Ala yon jou!
    Pa t gen lòt èd sou tout latè,
    A l’on lanmou!
    --------------------------------------------------------------------------------
    125 Chant d'Espérance | CEC, Page 156
    Senyè Jezi ki Sovè nou,
    Nenpòt ki ras nou ye!
    Nou rekonèt se ou ki mèt,
    Se ou ki modèl nou.

    Nan prezans ou, nou rekonèt
    Kijan nou gen defo.
    Ou renmen nou, men an menm tan
    Ou rayi peche nou.
    2
    Tout panse yo ki nan tout kè
    Pa kache devan ou,
    Ou konnen tout, ou wè tout klè,
    Pa gen sekrè pou ou.
    (kè)
    3
    Malgre nou fèb, pa bon ditou,
    Ou kite n sèvi ou.
    Tout kado nou ofri ba ou,
    Ou pa refize yo.
    (Kè)
    4
    Anyen pa bon, lè ou pa la,
    San ou tout travay ven.
    Lonbraj kwa ou pi bèl pou nou
    Pase limyè solèy.
    (Kè)
    5
    Ou se zanmi n, Frè nou, Mèt nou ;
    Kisa ou vle pou n fè ?
    Se pa rit ni fòm espesyal,
    Se sèlman pou swiv ou.
    (Kè)
    6
    Nou pa wè byen, ni tande byen.
    Nou pa konn priye byen.
    Poutan , nou konnen byen ou se

Komentáře • 44