« Plenyen » Concert Chapelle Évangélique de Delmas Janvier 2024

Sdílet
Vložit
  • čas přidán 8. 09. 2024
  • Groupes réunis et Fanfare Chapelle Évangélique de Delmas
    « Plenyen »
    1:
    Nan kanpay kou nan lavil
    Gen kèk moun Nou kap jwenn
    Ki pèdi tan yap plenyen pou tout sa kap pase
    O Wi yo toujou ap plenyen
    Kelkeswa sa yo di
    Ka moun sa yo malad grav yo plenyen nwit kon jou
    Kè:
    O yo plenyen lundi, mardi, mercredi yo plenyen jeudi tou
    Plenyen vendredi, samedi ak Dimanche, plenyen tout la semen
    2:
    Yo plenyen lè yo lavil
    Yo plenyen nan jaden
    Yo plenyen pou vwazinaj
    Yo panse sa pa gen mal
    Yo plenyen pou mari yo
    Yo plenyen pou madanm
    Yo plenyen pou ti moun yo
    Plenyadò pap janm rive
    3
    Yo pa vini nan sèvis paske li cho ou l frèt
    Ou si tan ta vi n pare
    yon tèt fè mal ak yon grip
    Lè plat lofrand lap pase
    yo fè figu yo byen long
    Yo di yo regret sa anpil
    Tout tan yap plenyen razè
    4
    Yo plenyen predikatè
    Yo plenyen lapriyè
    Yo plenyen predikasyon
    Yo plenyen toupatou
    Yo plenyen pou pèp Bondyé
    Yo di se fè moun wè
    Men bon kretyen pa janm plenyen
    Yo gen tan pou lapriyè
    5
    Si ou pa sispann plenyen
    Si w pa sispann kounye a
    Ou pap janm rive nan syèl plenyadó pap rantre la
    Repanti e konvèti pou sove nan peche
    Nou konn kretyen kap plenyen lap du pou yo gen kouwón

Komentáře • 17