Dosye pwodiksyon diri peyi ak enpòtasyon diri ameriken - EDUCATION ECONOMIQUE

Sdílet
Vložit
  • čas přidán 29. 08. 2024
  • Yon rechèch ki soti nan Inivèsite Michigan ekspoze risk maladi kè ak kansè diri ameriken kap antre Ayiti ka genyen pou popilasyon an. Se yon bon okazyon pou n retounen sou dosye pwodiksyon diri lokal pou n konprann kijan kèk desizyon politik ak ekonomik ki te pran nan lane 80 ak 90 kraze pwodiksyon diri Ayiti e favorize enpòtasyon diri etranje, sitou sa kap soti Ozetazini. Pran tan w gade bèl rale sa ekonomis Etzer Emile fè sou dosye diri sa nan kad emisyon EDUCATION ECONOMIQUE ki pase sou Télé Caraibes.

Komentáře • 59

  • @BezathaPRODTV
    @BezathaPRODTV Před 5 měsíci +5

    Se tankou m so t legliz, mwen so t tande yon bon levanjil.
    Merci Pasteur Etzer Emile

  • @ricardofelix148
    @ricardofelix148 Před 5 měsíci

    Bonswaaa Mèt Eztzer Emil mientras salyew pou bèl travay wap fè nan kominote haisyènn nan

  • @JovenelPierre-qp8xq
    @JovenelPierre-qp8xq Před 5 měsíci

    Mwen tèlman satisfè de emisyon an c waw.... pwoblèm nan nou menm ayisyen nou emosyonèl anpill, nou pa Janm mete moun ki k jere et pwotejè peyi a. So c demaj c banm nèg ki te la depi mwen fèt ki pa janm regle anyen serye epi c menm moun sa kap fè gwo vwa epi nap mache dèyè yo.
    Pou mwen nou poko janm ka sòti peyi a kote li ye la, paske nou pa fòme. Nou just ap swiv kouran ki pap abouti ak anyen.
    Antouka Ekonomis nou konte sou ou, kntinye fè jan de emisyon sa yo petèt ti sa ki tande yo k konprann ki jan demoun pou yo remèt peyi a. We love you Brother

  • @Fidbakpozitif
    @Fidbakpozitif Před 5 měsíci

    Merci Etzer Emile. Bon Fidbak Pozitif !

  • @pierrelouis1252
    @pierrelouis1252 Před 5 měsíci +1

    Bondieu beni ou frère m pou bon programme d’éducation sa yo.

  • @jeanamstonjulis3390
    @jeanamstonjulis3390 Před 5 měsíci +6

    Bonswa Ekonomis Etzer, m ap fè w konnen antanke etidyan nan Ekonomi nan FDSE, m pa sispann anrichi konesans mwen gras ak analiz yo. W ap fè yon gwo travay ki enpòtan sitou pou desizyonè Politiko-ekonomik nou yo .

  • @mariemerzy5688
    @mariemerzy5688 Před 5 měsíci

    San pousan verite wap pale la wi bravo frem ke bondye poteje ou ❤❤❤

  • @jergiegabriel5771
    @jergiegabriel5771 Před 5 měsíci

    Merci 🙏🏿 m pran desizyon poum pa manje diri enpote ankò! Kontinye ouvè Je nou Pwofesè!

  • @josephmacsonson5549
    @josephmacsonson5549 Před 5 měsíci +4

    Etzer nam eleksyon kap Vini la fok ou ale nan palman ok

  • @francoisjunioradler5257
    @francoisjunioradler5257 Před 5 měsíci

    Mèsi pou enfo yo ekonomis👏

  • @jonathansaintjean1182
    @jonathansaintjean1182 Před 5 měsíci +2

    Bèl melanj istwa ak ekonomi pwofesè EE !

  • @gosselinelawson8941
    @gosselinelawson8941 Před 5 měsíci +1

    Chapo ba pou ou Ekonomis Etzer, peyi a bezwen plis moun tankou ou ki pou panse pou li konsa. Mesi anpil pou bel emisyon sa.

  • @anitejeangilles8851
    @anitejeangilles8851 Před 5 měsíci +3

    Bon travay frèm wap aprann nou sa nou pat konnen e prann . Nou pèp ayisyen nou pa gen dirijan nou sèlman genyen dè esklav ki pa wè peyi ki pa konn valè peyi d'ayiti pou yo ka plen pòch yo e se mèt ki se blan 😢

  • @roubenskydemolisseur
    @roubenskydemolisseur Před 5 měsíci +1

    Mèsi, m pa gen kòb pou m peye w men m pral pataje l bay kèk moun yon fason pou m remèsye w.

  • @dadleypi
    @dadleypi Před 5 měsíci +2

    Mèèèèèsi pou ENFÒMASYON sa yo 👏🏾

  • @clifordemyrtil4943
    @clifordemyrtil4943 Před 5 měsíci +1

    Ou ka fè yon bel palmantè❤

  • @wineepierre5676
    @wineepierre5676 Před 5 měsíci

    Mèsi anpil !!!

  • @MoiseEdner
    @MoiseEdner Před 5 měsíci +1

    Mw saluew trè fò Mr Edzer.mw toujou ap veye video yo.paske c Yon lekol Pou mw

  • @qanikhan2967
    @qanikhan2967 Před 5 měsíci +1

    Merci pour ton travail inestimable ouap fè
    Bo travay 🤲🏾🤲🏾✅✅👏🏾👏🏾👏🏾

  • @DaanLochardjunior
    @DaanLochardjunior Před 5 měsíci

    Félicitations mon frère 👏👏👏✊ Bon travail

  • @user-ot9wq7dv1u
    @user-ot9wq7dv1u Před 5 měsíci +1

    Bon travay ekonomist,mwen swete politikman ou pran bon nòt

  • @user-ot9wq7dv1u
    @user-ot9wq7dv1u Před 5 měsíci +2

    Mèsi ekonomist

  • @marieminouche4834
    @marieminouche4834 Před 5 měsíci +2

    Mèsi frèm bon travay pou peyi w

  • @pennydiapers3164
    @pennydiapers3164 Před 5 měsíci +1

    Bel travay ekonomis, men se pa selman desizyon politik ki pou chanje kondisyon youn peyi, se tou desizyon ekonomik marye ak politik ki pou fe travay sa a pote benefis. Dezyeman avan yo te anvayi peyi a ak diri ameriken e lot produi, yo te voye youn ekip ekspe ekonomis,antropologis,sosyologis,psikologis e latriye pou ekri youn etid kouman pou Etazini resikle milya de dola ke dyaspora ayisyen an ap voye nan fom transfe chak ane an Ayiti. Le rapo a te delivre bay otorite ameriken, ekspe yo di transfe dyaspora a ale plis nan zafe manje ak peye pou bezwen chak jou, men transfe lajan yo pa itilize pou okenn proje devlopman dirab ou kreyasyon riches. Alo li te fasil pou otorite ameriken yo te jwen repons sou kijan pou yo rapatriye dola vet ki ale nan ekonomi AYITI a nan anvayi li ak produi ameriken.

  • @JD-bs4xy
    @JD-bs4xy Před 5 měsíci

    Amazing 🔥💯

  • @MoiseEdner
    @MoiseEdner Před 5 měsíci +2

    Map mandew svp fè emisión yo pi souvan Mr Edzer

  • @hollysincere1305
    @hollysincere1305 Před 5 měsíci +2

    Excellent Analyse

  • @guerdouflorent3412
    @guerdouflorent3412 Před 5 měsíci +2

    Good job Edzer👍

  • @aristobullouicius6486
    @aristobullouicius6486 Před 5 měsíci

    Merci bcp M. Etzer E.

  • @medee09
    @medee09 Před 5 měsíci +1

    Economiste bon travail

  • @piterramos-yv8kx
    @piterramos-yv8kx Před 5 měsíci

    ❤❤🎉Bravo freo pam bon travay freo pam analiz sa yo Bon wi

  • @LeopoldVilneard
    @LeopoldVilneard Před 5 měsíci +1

    Bonsoir tout le monde bonsoir Etzer Emile

  • @marief7638
    @marief7638 Před 5 měsíci

    Mèsi anpil frè'm.
    Ke Bon Dieu béni-ou.
    Protégé-ou.
    Mwen ta renmen ou di'm na ki ministère ou santi ou tap plus efficace si sa intéressé-ou?

  • @fleuzinordclertilde3597
    @fleuzinordclertilde3597 Před 5 měsíci

    Merci Mr Émile

  • @anitejeangilles8851
    @anitejeangilles8851 Před 5 měsíci +1

    Nou se esklev tou totan nou pa gen yon moun ki pou non ak sistèm sa capacité politisyen santi boujwa santi sa yo an na ayiti a tèlman ba kokorat fòk ta refè jan de animal sa yo nan peyi d'ayiti 😢😢😢😢

  • @Fidbakpozitif
    @Fidbakpozitif Před 5 měsíci

    Kontra fatra OMC Aristig te siyen an èske nou pa ka kraze l? Kòm se tenten n ap fè toujou. Karikòm te dwe flanke nou deyò.

  • @thianespierre8599
    @thianespierre8599 Před 5 měsíci +1

    Sa m wè a se vre? 25 kòmantè sèlman?

  • @claudedesros8017
    @claudedesros8017 Před 5 měsíci +1

    M panse fök ou ta fè yon video sou kochon Kreyòl tou. Ki dega disparisyon kochon Kreyòl la fè sou ekonomi an Haiti.

  • @matriarchgloomday7033
    @matriarchgloomday7033 Před 5 měsíci

    Nou pa nan diri importé menm.

  • @Jeanpierrre868
    @Jeanpierrre868 Před 5 měsíci

    Eske pa gon moun sa fè mal🙂

  • @dorleanswislando165
    @dorleanswislando165 Před 5 měsíci

    Felicitation

  • @louisgerardine765
    @louisgerardine765 Před 5 měsíci

    Bonsoir à toutes et à tous

  • @matriarchgloomday7033
    @matriarchgloomday7033 Před 5 měsíci

    KOT TOUT BÉF AYITI GENYEN YO, POUKISA YO PA JANM FÉ LÉT. SA SE YON BAGAY MWEN PA JANM KA KONPRANN, SE VYÉ LÉT NAN MAMIT EXPIRÉ NAP BWÉ.

  • @onelmerisier7916
    @onelmerisier7916 Před 5 měsíci +2

    Diri kap rentre haiti yo se pa lan tè yo sòti se fè yo fè yo avèk manyòk

  • @m_18rikiki41
    @m_18rikiki41 Před 4 měsíci

    Yon kesyon eske l posib pou nou cancel kontra sa Aristide te siyen gradyelman?

  • @frantzlubin355
    @frantzlubin355 Před 5 měsíci

    Ki espwa pou Haiti mézanmi?

  • @matriarchgloomday7033
    @matriarchgloomday7033 Před 5 měsíci

    TARIF SOU BAGAY IMPORTÉ SUPOZÉ MENM 1000% JISKACEKE NOU KA PRODWI BAGAY NOU.....TARIF LA DWÉ WO, SA AP KOZ NOU REDWI BAGAY IMPORTÉ YO A 98%.

  • @matriarchgloomday7033
    @matriarchgloomday7033 Před 5 měsíci

    Ayisyen ap goumen antré yo, kan yo kan rivé devan blan dlo plen bouch yo.
    Nou pa nan kesyon diri importé menm....nap interdi diri USA, point bar.

  • @frantzlubin355
    @frantzlubin355 Před 5 měsíci

    Lè mwen haiti c diri lokal mwen manjé.

  • @Jeanpierrre868
    @Jeanpierrre868 Před 5 měsíci

    Kiyes kap rezoud pwoblem sa yo

  • @jeanamstonjulis3390
    @jeanamstonjulis3390 Před 5 měsíci

    Sa ou bliye mansyone se efè final politik Dumping ekonomik lan genyen sou mache nou an.
    Fòk nou konnen lè yon entrepriz chwazi pwodwi ak pèt se nan lide pou li genyen monopol la sou mache a. Lè li fin jwenn estabilite li te bezwen an li pral miltipliye pri pwodwi sa a . Sa vle di, nan yon ti tan ki pap twò long entrepriz sila a ap tire kòb li te pèdi yo.
    Egzanp la klè kou dlo kòk, n ap sèlman fè konparezon pri yon mamit diri enpòte nan lane 2004 ak pri l pou 2024 la. Seteris paribus (San nou pa inyore lòt faktè ki ka kondi ak akwasman sa).

  • @gilbertdure3085
    @gilbertdure3085 Před 5 měsíci

    Yo bezwen fe kob yo avan anyen ou tande yo di pep la grangou. Bagay sa yo enpotan anpil. Yon sel emisyon pa sifi. Fok moun sa yo tande la rezon. Ayiti se pou nou tout li ye.

  • @Bulldog-47
    @Bulldog-47 Před 5 měsíci

    Ebyen profe nan radio ou t al esplike mezi a pa tap bon pou peyi a pa tap janm fe efe pou l te fe a no paske okenn bagay politik ki bon pou peyi pa pale nan radio sa no profe.

  • @matriarchgloomday7033
    @matriarchgloomday7033 Před 5 měsíci

    LEVANGILE OU A PI DOUS, SE SA KI "BONNE NOUVÉL LA" DANS LE NOM DE JEAN JACQUES DESSALINES.
    PRECHÉ YO LEVANGILE JEAN JACQUES DESSALINES NAN, PASKE DESSALINES SE FILS UNIK BONDYE VIVANT KI GEN POU VINN JIGÉ JEZI AK BLAN YO😂

  • @robensonchery9201
    @robensonchery9201 Před 5 měsíci +1

    🫡

  • @hobernevilneard5629
    @hobernevilneard5629 Před 5 měsíci

    Bonsoir tout le monde bonsoir Etzer Emile