Lavi Mizikal Mwen By Black Neldy Feat. In Action

Sdílet
Vložit
  • čas přidán 29. 06. 2024
  • Written and produced by Black Neldy (Neldybeatz)
    Recorded and mixed by Oscar Zayas (ONBEAT STUDIO)
    Lavi Mizikal Mwen Lyrics
    Intro/Antre (In Action)
    Yeh... M'ap pwezante'w, Lavi Mizikal Mwen...
    Ou pap konpwann. Yo pap kwè...
    Verse/Kouplè 1
    I Tell'em...!
    Eskize'm, pwete'm atansyon n' pou yon minit...
    Jodi'a s'on bon jou poum pataje antre'm nan mizik...
    An Ayiti, m te konn tande Master Dji...
    Chachou Boyz, King Posse, Original, Brother's Posse...
    Chak mizik ki soti, m devan radio ak yon kaye...
    Yon kreyon nan menm pou map ekri tout sa'm te konn tande...
    Lè map etidye tèks, yo di mwen fou bat pa kè...
    Men yo pat janm gen yon ide si jodi'a tap yon rapè...
    An 2000, mwen antre nan Florida sa pat chanje...
    Polemik Tough Boyz, Raas Lion Squad te motive'm...
    An 2003, m fonde Project Boyz nan Lake Worth High School...
    2004, pwemye video'm and started making move...
    Se pasyans mwen k' fè jodi'a map woule tete foumi...
    Konesans mwen k' fè'm Malis tout sak te konn trete'm Bouki...
    Rayisans fè dyaspo rapè fè back...
    Yo di nou pa impact epi sou track nou Master Dji epi Tupac...
    Hook/Refren
    Lavi mizikal mwen...
    Jodi'a m fyè poum chante, pou'm di nou jan mwen te kòmanse...
    Lavi mizikal mwen...
    Malgre tout difikilte, tonbe, leve m' pat janm dekouraje...
    Lavi mizikal mwen...
    Nou tout s'on grenn etwal nou ye, yon jou n' gen pou'n bwiye...
    Lavi mizikal mwen...
    Mwen pap janm bouke lite, kanmenm map rive...
    Verse/Kouplè 2
    Respè pou In Action, ki te pwodwi pwemye mizik mwen...
    Pwemye fwa m' nan studio, li'k te mennen mwen...
    Pwemye fwa m'al pèfòme m' te mal pase, se li menm ki te pwemye vin jwenn mwen pou li di'm pa bay legen...
    2006-2007, I'm a Boss te fè wout pou mwen...
    Pèfòme nan inivèsite te pi bèl moman pou mwen...
    Gen nèg kap mennen jodi'a k' te konn aplodi pou mwen...
    Se yo menm kounya kap boule kawoutchou devan wout mwen...
    2008 trajedi BC, mouvman rap dyaspora bese...
    2009 nou re lanse, Janvye 2010 tè tranble... Damn
    M stil ap lage rap san emisyon...
    Tonè kraze My Time Is On, malgre chaje konspirasyon...
    Kahen te fwè Abèl, se li menm ki te blayi'l...
    Jida te disip Jezi, se li menm ki te trayi'l...
    Mwen konnen depi nan ginen m' chaje nèg ki rayi'm...
    Men domaj yo pa ka fèm anyen, mantalman m se yon king...
    Hook/Refren
    Lavi mizikal mwen...
    Jodi'a m fyè poum chante, pou'm di nou jan mwen te kòmanse...
    Lavi mizikal mwen...
    Malgre tout difikilte, tonbe, leve m' pat janm dekouraje...
    Lavi mizikal mwen...
    Nou tout s'on grenn etwal nou ye, yon jou n' gen pou'n bwiye...
    Lavi mizikal mwen...
    Mwen pap janm bouke lite, kanmenm map rive...
    Bridge/Poz (In Action)
    Lavi mizikal mwen, banm fòs pou'm avanse...
    M pa janm dekouraje, e mwen pwè pou mwen defanse...
    Tout sa ki di, yo te mèt di'l bak...
    Lavi mizikal mwen e....
    Verse/Kouplè 3
    Yeah... An 2011, pi bèl toune'm an Ayiti...
    Se la m' te jwenn pi bèl feeling nan limo-van ak PJB...
    M sou balkon, map gade medam anba kap bo foto'm...
    Lespwi'm te tou pwe Jezi malgre mwen pat gen zèl nan do'm... Yeah...
    Jiska pwezan m nan HMI map bust rap, fann track pak an pak, punchline and never stop... Damn...
    Si wap tandem nan moman sa map di'w mèsi...
    E m' fyè'w konnen, mizik s'on gwo chapit ki ekri nan lavi'm... I Tell'em...
    Hook/Refren With In Action
    Lavi mizikal mwen...
    (Banm fòs pou'm avanse, m' pa janm dekouraje, e mwen pwè pou mwen defanse... )
    Lavi mizikal mwen...
    (Tout sa ki di, yo te mèt di'l bak. Lavi mizikal mwen e...)
    Lavi mizikal mwen...
    (Banm fòs pou'm avanse, m' pa janm dekouraje, e mwen pwè pou mwen defanse... )
    Lavi mizikal mwen...
    (Tout sa ki di, yo te mèt di'l bak. Lavi mizikal mwen e...)
    Lavi mizikal mwen...
  • Hudba

Komentáře •