Mr Zomo & Alfa - Life Goes On Lyrics (Pawòl)

Sdílet
Vložit
  • čas přidán 7. 09. 2024
  • Lontan wap frape nan pòt la
    Pyès moun pa ouvri pou ou
    Ou bay tan'w bay tout savwa'w
    Rezilta a pa an favè ou
    Dèfwa kolè ba'w anvi lache
    Ak sa'w té byen kòmanse
    Tèt byen wo devan eprèv yo
    Devan ènmi yo montre yo sa'w vo
    Si yap voye monte di: «ou pap rive»
    Si'w wè se pwòp zanmi'w k'anpeche'w ale
    Si lontan wap frape yo pa janm ouvri
    Pa kouri al nan lòt lavi pa fini
    DI YO, DI YO
    DI NÈG YO POU MWEN
    LIFE GOES ON
    DI YO, DI YO
    DI TRÈT YO POU MWEN
    LIFE GOES ON
    Si anpil fwa bagay yo tou nwa
    Ou nan soufrans ou pa gen le bra
    Yo kontante sèlman de use ou
    Menm fanmi'w pa wè byen pou ou
    Rele Jahjah pou soupi'w yo
    Lap ba'w fòs pou santans yo
    Toujou kenbe, pa janm lache
    Rèv ou pa lwen rive
    Si yap voye monte di: «ou pap rive»
    Si'w wè se pwòp zanmi'w k'anpeche'w ale
    Si lontan wap frape yo pa janm ouvri
    Pa kouri al nan lòt lavi pa fini
    DI YO, DI YO
    DI NÈG YO POU MWEN
    LIFE GOES ON
    DI YO, DI YO
    DI TRÈT YO POU MWEN
    LIFE GOES ON
    Manman papa kouri kite'w
    Fanmi zanmi tout ap imilye'w
    Madanm kite'w pou pwoblèm djòb
    Pitit rejte'w poutèt ou pòv
    Maladi fè moun pa rele'w
    Yo pa mande kisa'w pote
    La vi dèyè poko manyen
    Pa déwouté rivé'w pa lwen
    Tèt byen wo devan eprèv yo
    Devan ènmi yo montre yo sa'w vo
    Toujou kenbe, pa janm lache
    Jou a la gen pou'w touche'l
    Si yap voye monte di: «ou pap rive»
    Si'w wè se pwòp zanmi'w k'anpeche'w ale
    Si lontan wap frape yo pa janm ouvri
    Pa kouri al nan lòt lavi pa fini
    DI YO, DI YO
    DI NÈG YO POU MWEN
    LIFE GOES ON
    DI YO, DI YO
    DI TRÈT YO POU MWEN
    LIFE GOES ON
    Si yap voye monte di: «ou pap rive»
    Si'w wè se pwòp zanmi'w k'anpeche'w ale
    Si lontan wap frape yo pa janm ouvri
    Pa kouri al nan lòt lavi pa fini
    DI YO, DI YO
    DI NÈG YO POU MWEN
    LIFE GOES ON
    DI YO, DI YO
    DI TRÈT YO POU MWEN
    LIFE GOES ON
    Mr zomo
    Life Goes On
    For any request for a song lyrics, lemme know/Pour des suggestions de paroles de chansons, faites-le moi savoir.
    ENJOY!!!

Komentáře • 22