MCFDF - Enstalasyon Sandy François kòm Direktris jeneral enstitisyon an

Sdílet
Vložit
  • čas přidán 8. 09. 2024
  • Minis Kondisyon Fanm ak Dwa fanm lan, Marie Françoise SUZAN, enstale, 30 jiyè 2024 la, Sandy François, kòm direktris jeneral enstitisyon an. Paran, zanmi ak manm pèsonèl la, te asiste seremoni an.
    Nan okazyon an, Minis lan salye travay direktè jeneral sòtan an, Hémanex Gonzague DÉSIR, ki pase yon lane edmi nan pòs la.
    Yon lòt kote, Minis lan raple nouvo direktris jeneral la gwo travay k ap ret tann li nan kontribiye pou ranfòse MCFDF, jan fèydewout gouvènman an mande sa.
    Sou bò pa l, Sandy FRANÇOIS remèsye otorite yo pou konfyans yo fè l epi pwomèt pou travay nan lide pou ede gouvènman an leve gwo defi k ap tann li pandan peryòd tranzisyon an. Nouvo Direktris jeneral la mande kolaborasyon tout kòlèg li yo pou l ka byen fè travay li.

Komentáře •